Frantzley VALBRUN
Son adresse e-mail :

Ses derniers articles

article.title

Katriyèm bouji pou Kirekk !

03 nov. 2022
Kolektif inivèsitè pou ranfòseman edikasyon kominotè ak kilti (Kirekk), selebre katriyèm rekòt kafe l, dimanch 16 oktòb 2022 a, apre twa wikenn aktivite konsekitif ki te tanmen 2 pou rive 16 oktòb pase a. Ativite sila yo te rive fèt nan lokal espesyal yo Kafoufèy, ri Sen Jera. Kirekk se yon asosyasyon etidyan nan inivèsite Leta dAyiti (ILA) pi presizeman Fakilte Syans Moun, ki fonde nan lane 2018, yon 16 oktòb. Jèn sila yo se yon seri sosyològ, kominikatè sosyal ak sikològ k ap milite ansanm nan estrikti sa pou devlopman kominote yo. Inisyativ sa rive kanpe apre yon gwoup jèn ki soti nan divès katye popilè te rive entegre inivèsite a, konsa yo t ap reflechi sou yonn nan misyon inivèsite a ki se « transmisyon konesans ak ride kominote yo ». Apre tout seri diskisyon yo te fè antre yo, tousuit lide sa vin akouche nan lide pou ride kominote yo vanse, Jacques Steven Prioly. Majorite nan jèn sa soti nan komin Kafoufèy. Anplis, anpil ladan yo te deja fè eksperyans batay ansanm atravè lòt estrikti ki nan inivèsite a. Renald Conseillant se kòdonatè jeneral mouvman an, Jude Andy Sanon se administratè epi Jacques Steven Prioly se direktè pwogram yo. Nan premye wikenn aktivite a te gen yon konferans ki te rive fèt sou “ Vyolans ak eleksyon an Ayiti ”, konsa piblik la te kontan patisipe nan bèl initiativ sa. Anpil jèn te kontan aprann anpil bagay sou tèm ki t ap trete yo epi poze kesyon tou ki te penmèt limyè djayi. Nan dezyèm wikenn aktivite a te genyen yon kozri sou “ Jesyon strès ak Emosyon ” epi yon resital powetik ak powèt Ricardo BOUCHER. Aktivite a te vin rive anchene ak yon lekti senik sou animasyon Staloff TROFORT epi yon kozri sou imanitè. Twazyèm wikenn aktivite a te gen yon atelye sou ekriti jounalistik sou animasyon Yvon JOSEPH epi yon kozri sou vyolans familyal. Nan jou kloti aktivite a ki se 16 Oktòb 2022 a yo te tou sèvi avè l kòm pretèks pou selebre kat (4) lane egzistans Kirekk. Nou te pale jak Jacques Steven Prioly, direktè pwogram lan, sou kèk pwen esansyèl konsènan lavi mouvman an.
article.title

« Ayiti se » : yon chan epik Mikaben ki travèse tan an

21 oct. 2022

Michael Benjamin alyas Mikaben travèse pou lodela a laj 41 lane jou ki te samdi 15 dawou 2022 a, apre yon aksidan kadyovaskilè sou sèn nan pandan li te fenk fin pèfòme nan konsè CARIMI an nan Accor Arena a, nan peyi Lafrans.

article.title

Powèm pou reveye konsyans

23 sept. 2022

Rezistans

Tankou soulye dwategòch

nan tan depaman

chak nou vire gad dèyè

inosans zanfans madichonnen

anvi fè lapè ak dantan sankoutcha

ki sakrifye desten nou

byennere

ginen yo sipòte dans lan

tanbou yo pèdi po

men vwa yo pa chanje

douvan flanbo rezistans

tout van ap kontinye avèg

Powèt Valbrun Frantzley ( kolye an denmon, paj 51)

Nan tout peyi sou latè, kote lamizè ap taye banda, legzistans toujou rete yon pinga.

article.title

Grande première de Feray edisyon

24 août 2022
Les locaux de la Faculté des sciences humaines et sociales, sis à l’avenue Henry Christophe, ont accueilli, ce samedi, le lancement officiel de Feray edisyon, une nouvelle maison d’édition dans le paysage haïtien du livre.
article.title

Envol lyrique

10 juin 2022

Je me suis levé ce matin avec une soif de vivre sur ma langue.

article.title

Anakreyon : yon woman reyalis Jean Dorcély Dédé

02 juin 2022

Dorcély Dédé se ekriven, powèt, pent, aktè ki fèt Ayiti nan lane 1941, nan laplèn Dikildesak.

article.title

Myèt mòso 

05 janv. 2021

Darly Renois se yon powèt ki aprann zongle mo nan peyi dAyiti, espesyalman nan vil Jeremi.